Tout fonksyonalite QRGEN

Tout sa ki nan aplikasyon mobil la, byen eksplike pou ou.

🧩

Kreye QR & Barcode

Tèks, Sit Entènèt, Telefòn, SMS, Imèl, Wi-Fi, Kontak, Adrès, Facebook, Instagram, WhatsApp epi plis ankò — ak koulè ak style pèsonalize, ansanm ak yon logo nan mitan kòd la.

📷

Eskane rapid

Pwente kamera a sou nenpòt QR Code oswa Barcode, app la rekonèt li otomatikman epi pwopoze yon aksyon dirèk — louvri lyen, rele, konekte Wi-Fi, ajoute kontak.

🗂️

Istwa ak rechèch

Tout kòd ou kreye oswa eskane anrejistre otomatikman. Chèche, mete an favori, kopye, pataje oswa modifye yo nenpòt lè.

📤

Ekspòte nan plizyè fòma

Anrejistre nan galri ou oswa ekspòte an PNG, JPEG, PDF, oswa SVG pou itilize l nan lòt aplikasyon oswa enprime l.

📦

Mòd Envantè

Eskane plizyè atik younn apre lòt, antre/soti stòk, asiyen yo a yon anplwaye, epi ekspòte tout lis la an CSV oswa PDF.

📶

Ekri sou tag NFC

Ekri nenpòt tèks sou yon tag NFC vid — nenpòt telefòn ki gen NFC ka li l apre, san bezwen app QRGEN.

🖨️

Laboratwa Enpresyon

Verifye si yon QR ap fasil pou eskane, mezire kontras li, epi kalkile gwosè li dwe genyen anvan ou enprime l an kantite.

🔄

Transfè Fichye san Entènèt

Voye yon ti fichye bay yon lòt telefòn sèlman ak QR Code — san Wi-Fi ni Bluetooth, ak yon hash pou verifye anyen pa manke.

⚙️

Automatisation QR

Kreye règ ki reyaji otomatikman lè yon kòd eskane koresponn ak yon kondisyon — kopye, louvri ansekirite, ajoute nan envantè, ekri sou NFC, verifye idantite, siyen, oswa notifye.

Vérificateur QR (Paser)

Pou biznis: kreye QR verifye pou dokiman oswa pwodwi ou. Nenpòt moun ki eskane l ka konfime si li otantik, revoke, oswa yon posib kopi.

🔵

QRGEN Connect (Bluetooth)

De telefòn ka pataje tèks oswa fichye san entènèt, sèlman ak Bluetooth oswa yon tap NFC — done yo chifre anvan yo transfere.

💳

Kat Biznis Dijital

Kreye yon QR ki anrejistre kontak ou dirèkteman nan telefòn moun ki eskane l la, oswa jenere yon paj pwofil an liy pou estatistik.

🔗

QR Dinamik

Itilize yon lyen ki ka chanje pita — modifye kote li mennen an san ou pa bezwen re-enprime QR la.

🚑

QR Ijans Medikal

Kat ijans ak gwoup san, alèji, medikaman ak kontak ijans — enfòmasyon sansib yo ka pwoteje ak yon PIN.

🔒

Smart Capsule

Chifre nenpòt kòd ak yon PIN, mete yon dat ekspirasyon, oswa limite konbyen fwa moun ka eskane l.

🛡️

Safe Scanner

Anvan li louvri yon lyen, app la verifye si li itilize HTTPS, si li fè redireksyon, epi montre vrè domèn nan pou evite piyaj.

🌍

5 Lang

Aplikasyon an disponib an Kreyòl, Français, English, Español ak Português.